Pwochen Prezidan Ayiti a Tanmen Yon Vizit Ozetazini

Pami pwem k'ap domine aktyalite a nan peyi d Ayiti:

René Préval ap fè yon vire won nan peyi Meriken. Li ale New York dimanch 26 mas la e madi li gen pou l' desann nan kapital la, Washington, DC. Yon kokenn delegasyon konseye politik, ekonomik, manm sektè prive ak lòt sitwayen akonpaye Prezidan-eli a nan vizit sa a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou n'tande Rotchild François, Jr. nan yon ti koze ak Chérubin Dorcil. Na tande tou detay sou yon afè zo bwa tèt mò (17 antou) yo dekouvri samdi nan zòn Pétion-Ville.