Spò Aktyalite 7/8/05

Ciklisme/ Tour de France

Siklis Australyen Robbie McEwen ranpòte 7 tièm etap kous bisiklèt Tour de Frans la ki soti nan vil Luneville an Frans pou ale nan vil Alman Karlsruhe. Ameriken Lance Armstrong, konsève mayo jon lidè konpetisyon an. Demen Samdi a siklis yo gen pou kouvri yon distans 231 kilomèt edmi.

NBA

Portland Trail Blazers siyen yon kontra ak ansyen antrenè Seattle Supersonics siyen Nate McMillan.Michael Redd ap kontinye jwe nan Milwaukee Bucks kote lap touche ant 90 a 96 milyon dola pandan yon periòd 6 zan.

Atletisme

Kourè de fon Jamayiken Asafa Powell pap patisipe nan kous 100 mèt Golden League la kap dewoule nan vil Wòm an Itali. Powell ki se detantè rekòm du mond kous 100 mèt, pap patisipe akoz yon dechirur. Lòt atlèt ki pap patisipe nan Portugè e meday darjan Olempik Francis Obikwelu akoz yon zòbòy li pral nan je pye l.

Football / Liverpool

Steven Gerrard ak Jamie Carragher ki jwe nan mitan teren ak defans klub football angle Liverpool siyen yon kontra 4 tran pou yo kontinye jwe ak klub. Gerrard te manifeste entansyonn pou l tal jwe nan yon lòt klub. Chelsea te ofri pou l peye 56 milyon dola pou l jwen sèvis Gerrard. Real Madrid te manifeste entansyonn tou.

Kosta Rika kale Kanada 1 a 0 nan kad match koup dò konkakaf-la ki jwe nan Seattle Washington gras ak yon penalite. Demen Samdi an Kanada ap rankontre ak Etazuni ki krabinen Kuba 4 a 1 nan yon rankont kit e sere jus nan 87 tièm minit rankont lè Etazuni make 3 gòl nan yon espas 3 minit. Group C a ap antre nan won jodi a lè Meksik ap rankontre ak Afrik du Sud epi Gwatemala kont Jamayik. 2 premye nan chak group ap kalifye pou r kar de final la ansanm ak 2 meyè 3 zièm yo.

Olympics

Komite Olempik entènasyonal la ki reyuni nan Sengapour vote pou elimine Baseball ak Softball nan je zolenpik 2012 yo. Desizyon an pran apre 2 disiplin sa yo pat jwen yon majorite vwa. Dènye fwa Komite a te elimine yon spö se te an 1936 lè yo te elimine water polo. Kounye komite a ap konsidere pou l ranplase 2 disiplin sa yo nan yon lis ki gen Karate, gòlf, rugby ak roller sport. Manb komite a poko kapab deside sou 2 nouvo disiplin. Responsab Kanadyen ak Ameriken pa kontan ak desizyon an.

Tennis

Ameriken Venus Williams ap reprezante Etazuni nan semi final koup Konfederasyon an fas ak la Rusi demen Samdi a. Lòt semi final la ap mete bab pou bab Espay fas a la Frans.

R.I. Jwè tenis ameriken Vincent Spadea ak Paul Goldstein kalifye pou semi final tounwa tenis Rhode Island la. Spadea kale Dusan Vemic 6-3, 6-4 pandan ke Goldstein te monte yon maswife avan li kale alman Alexander Waske 6-3, 3-6, 7-6. Lòt semi final la pral deside nan rankont kar de final kap mete bab pou bab Sud Afriken Wesley Moodie ak Michal Mertinak epi Britanik Greg Rusedski kont franse Anthony Dupuy. Final la fikse pou Dimanch.