Oganizasyon Relijye yo Mobilize Pou Ede Viktim Trajedi Dimanch 26 la

Nasyon nan rejyon sid Azi ak pati Ès Lafrik ap konte kadav e lidè yo ap fè plan pou pote sekou bay pakèt popilasyon ki sinistre apre pasaj radmare kokenn tranblemanntè 26 desanm nan te pwovoke. Anfas yon trajedi konsa, ki repons kwayan yo? Nou pa gen tan ase pou n’mansyone tout inisyativ ki deja sou pye, nan nivo lokal, kou rejyonal, pou lonje lamen bay moun ki lage san kay, san fanmi, san sekou, nan trajedi sila a. Rapidman, antouka, nou vle siyale kèk.

Nan nivo legliz kretyen yo, pa egzanp, Advantis yo ap kowòdone 2 efò. Youn se pou gwo piblik la, atravè ADRA, Ajans Sekou ak Devlòpman Advantis, ki kòmanse ranmase fon prive pou sa. Chif pwovizwa a se yon demi-milyonn dola yo deja kolekte. Dapre Frank Teeuwen, ki responsab biwo pre-dezas ak sekou pou ADRA Entènasyonal, “kote nap pale la a, òganizasyon an sou teren an nan Tayiland, Sri Lanka, Endonezi ak End, kote lap evalye dega e bay konkou ki posib nan moman sa a.” Pandansetan, legliz advantis nan Sri Lanka konsantre enèji li sou efò pou jwenn e ede fidèl li ki afekte nan dezas la. Gen anviwon 20 kongregasyon advantis nan Sri Lanka ki nan zòn bò lanmè, sepandan yo te fè pifò moun sa yo deplase pandan radmare a.

Apre pi gwo tranblemanntè ki rive depi 40 an an, ak dega, devastasyon li lakòz, Batis nan Sid Etazini yo (Southern Baptists) pase alaksyon ak ekip sekou yo voye nan zòn sinistre yo pou ede vivan yo. Dapre ajans nouvèl gwoup la, premye efò yo santre sou livrezon manje, dlo potab, dra ak lòt materyèl ki esansyèl, nan vilaj bò lanmè, nan sid Tayiland ak lòt zòn ankò. Ekip sekou Batis di Sid yo ki soti Ozetazini pral kolabore ak legliz batis ki deja sou teren an pou fè travay la. Yo te fikse yon rankont madi ki sot pase a ak gouvènman tayilandè a. Malgre peyi ki viktim yo, Endonezi pa egzanp, gen majorite yo ki pa kretyen, misyonè batis yo di yo pral pote sekou bay tout moun, tout rejyon, kèlkeswa kwayans yo ak pratik relijyz yo. Se presizyon sa a David Garrison bay. Msye se lidè rejyonal pou Azi di Sid nan Konsèy Entènasyonal Misyon òganizasyon batis la.

Tankou nou di l' deja, mizilman se youn nan relijyon kap pèdi plis moun nan katastwòf semèn sa a. E fidèl Islam toupatou resevwa apèl pou yo lonje lamen bay fanmi viktim yo ak sila yo ki soti vivan nan Tsunami a, nan radmare a. Konsa, Konsèy pou Relasyon Amerikano-Islamik yo mande manm relijyon islamik la Ozetazini ak tout moun ki gen konsyans nan lemond, pou yo fè devwa kwayan yo nan okazyon tris sila-a.

Bò kote Katolik yo, Chèf legliz-la, Pap Jan Pol II lanse yon apèl depi Vatikan pou li mande solidarite ak jenerozite nan okazyon dezas ki frape sid Azi ak yon pati nan Lafrik semèn sa a. Apre odyans jeneral li a yè nan Vatikan, Pap la te deklare, "mwen santi mwen trè prè moun sa yo, ak afekyon e lapriyè sitou ak blese yo e moun ki sanzabri yo e san fanmi."