Achiv Nasyonal Inogire yon Sèvis an Liyn (sou Entènèt la)

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Prezidan Michel Martelly inogire, madi 22 me 2012 la, yon sèvis an liyn nan Achiv Nasyonal ki pral pèmèt kliyan ann Ayiti ak aletranje aplike pou yon dokiman sou entènèt la.

Yon lòt kote, gouvènman ayisyen an ap enstale mèkredi 23 me a 2 nouvo direktè jeneral, youn nan Ladwann epi lòt la nan Otorite Pòtyè.

Anfen, leta ayisyen kreye yon biwo ki la pou tande doleyans jenn moun ki te jwenn arestasyon yo nan operasyon lapolis te lanse pou degèpi ansyen sòlda ki te okipe kèk baz lame demobilize a.

Daprè Sekretè Deta Sekirite Piblik la, Réginald Delva, se youn nan mwayen pou otorite yo rezoud kriz la.