Men Sak Chanje nan Lwa Imigrasyon Etazini

Migran rive an rivye Rio Grande a nan Meksik, kote yo gen entansyon travese antre Etazini depi Matamoros, Jedi 11 Me, 2023.

Etazini mete an plas nouvo restriksyon sou fwontyè sid li, pou eseye anpeche migran yo travèse ilegalman epi ankouraje yo pito aplike pou azil sou entènèt atravè yon nouvo pwosesis.

Chanjman yo vini nan moman Etazini mete fen nan restriksyon li te mete an plas akoz pandemi kowonaviris la, e ki te pèmèt otorite yo refoule rapidman migran ki rive sou fwontyè Etazini-Meksik la pandan 3 ane ki pase yo.

Restriksyon sa yo rele "Tit 42" paske otorite a soti nan Tit 42 yon lwa sante piblik Etazini te adopte an 1944, ki pèmèt li redui migrasyon lakay li pou pwoteje sante piblik la.

Gen anpil dezenfomasyon ak konfizyon kap sikile akoz tranzisyon an. Men presizyon sou nouvo règ yo epitou ansyen règ yo.

Kisa Tit 42 ye e Kisa li Fè?

Tit 42 se non yon lwal ijans sante piblik. Se yon lwa administrasyon Donald Trump la te mete an plas nan mwad Mas 2020. Lwa a te pèmèt responsab Ameriken yo refoule tout migran ki te travèse fwontyè Meksik la pou antre Ozetazini nan kad jefo pou anpeche COVID-19 pwopaje.

Anvan sa, migran yo te ka travèse fwontyè a ilegalman, mande azil epi jwen pèmisyon pou antre Etazini. Otorite yo te egaminen yo e souvan yo te kite yo rete nan peyi a ann atandan randevou yo pou parèt devan tribinal pou plede ka imigrasyon yo.

Anba Tit 42, migran yo te oblije retounen Meksik, e yo pat gen dwa mande azil. Otorite Ameriken yo te refoule plis pase 2,8 milyon migran. Yo te bay egzanpsyon pou fanmi ak timoun ki tap vwayaje poukount yo.

Sepandan, pat gen oken konsekans reyèl pou moun ki te travèse fwontyè a ilegalman. Donk migran yo te ka eseye plizyè fwa pou eseye jwenn pèmisyon antre Ozetazini.

Prezidan Joe Biden te kenbe Tit 42 an plas apre li te monte sou pouvwa a. Apre sa li te eseye mete fen ladann an 2022. Repibliken yo te mennen l nan tribinal paske yo te plenyen pou di restriksyon sa yo nesesè pou sekirize fwontyè a. Tribinal yo te kenbe règ la an aplikasyon. Men lè administrasyon Biden nan te anonse nan mwad Janvye a ke li tapral mete fen nan ijans COVID-19 yo, restriksyon ki te an aplikasyon sou fwontyè a te pran fen tou.

Biden di nouvo chanjman nesesè an pati paske Kongrè a pa fè okenn refom nan lwa imigrasyon peyi a depi plizyè dizèn ane.

Your browser doesn’t support HTML5

Mayorkas Pote Presizyon Sou Desizyon Pou Leve Tit 42 a

Sakap Pase Kounyea?

Restriksyon Tit 42 yo te ekspire a 11:59 pm Jedi.

Administrasyon Biden nan mete an plas yon seri nouvo politik pou sere boulon moun kap travèse fwontyè a ilegalman. Administrasyon an di lap eseye anpeche moun peye kontrebandye yo pou fè vwayaj danjre ki lakoz anpil moun mouri.

Kounyea ap gen konsekans sevè. Migran otorite yo bare ap travèse ilegalman pap ka tounen Etazini pandan 5 an, e yo taka fè fas ak pwosè kriminèl si yo eseye fè sa.

Nouvo Règ Azil yo

Anba lwa Etazini ak lwa entènasyonal, nempot ki moun ki vini Ozetazini kapab mande azil. Moun ki soti toupatou nan mond lan vwayaje al sou fwontyè Meksik pataje ak Etazini an pou mande azil. Otorite yo egzaminen yo pou wè si yo gen yon pè kredib ke yo pral pèsekite yo si yo tounen lakay yo. Apre sa, ka yo ale devan sistèm tribinal imigrasyon an pou detèrmine si yo ka rete Etazini. Men pwosesis sa a kapab dire plizyè zane. Dabitud otorite yo kite yo antre Etazini ann atandan dewoulman pwosè yo.

Kounyea, administrasyon Biden nan ap refoule tout moun kap chache azil, ki pat mande pwoteksyon pou komanse nan yon peyi kote yo te vwayaje, oubyen ki pat aplike sou entènèt. Sa se yon vèsyon politik adminsitrasyon Trump la ke tribinal yo te voye jete. Militan te asiyen leta nan tribinal pou mande jij bloke nouvo règ la kèk minit sèlman anvan li te antre an aplikasyon.

Pwosè a, kap dewoule nan tribinal federal vil San Francisco akize administrasyon Biden nan dèske li "redouble" politik Trump te pwopose ke menm tribinal la te rejte. Administrayson Biden nan di nouvo règ li a konplètman diferan.

Your browser doesn’t support HTML5

Guerline Jozef sou Fen Tit 42: 'Pinga Nou Travèse anba Fil, Pinga Nou Travèse Rivyè'

Kiyes Etazini Kite Antre Lakay li?

Etazini di li pral aksepte jiska 30,000 moun pa mwa ki soti Venezyela, Ayiti, Nikarawa ak Kiba, toutotan yo rive pa avyon, genyen yon sponso, epi aplike pou azil sou entènèt. Gouvènman an pral kite jiska 100,000 moun ki soti Guatemala, Salvado ak Onduras antre Etazini si yo gen fanmi nan peyi a tou, si yo aplike sou entènèt.

Moun ki pa suiv règ sa yo ap fè fas ak depotasyon - responsab fwontalye yo di yo ka depote jiska 30,000 moun pa mwa. Moun ki soti Venezyela, Ayiti, Nikaragwa ak Kiba yomenm pral oblije retounen Meksik.

Lot migran taka jwen pèmisyon antre Etazini si yo aplike sou app CBP One nan. Kounyela a gen 740 moun pa jou ke Etazini kite antre ki sèvi ak app la. Li pral ogmante total la a 1,000 moun pa jou.

E Fanmi yo?

Fanmi ki travèse fwontyè a ilegalman pral fè fas ak kouvrefe e chèf fanmi an pral oblije mete yon braslè elektwonik nan pye yo ki pèmèt otorite yo siveye yo. Responsab imigrasyon pral detèrmine nan 30 jou si yon fanmi ka rete Etazini oubyen si yo pral depote yo. Dabitid, pwosesis la ka pran plizyè zane.

Administrasyon Biden nan te konsidere arete fanmi yo jiskaske yo finn pase yon premye tchèk pou azil, men li te deside pito aplike yon kouvrefe ki dire an 11 zè di swa ak 5 hè di maten. Kouvrefe sa yo pral tanmen talè konsa nan vil Baltimore, Chicago, Newark, New Jerze ak Washington, dapre yon responsab Ameriken ki te pale ak Associated Press sou kondisyon pou yo pa site non li paske enfomasyon sa a poko piblik. Otorite imigrasyon pral ranmase epi depote tout fanmi ki pa reponn prezan pou entèvyou yo pou detèrmine si yo ka mande azil.

Your browser doesn’t support HTML5

Yon Koup Ayisyen Jwenn Randevou pou Pwogram Pawol Imanitè Biden nan

Stasyon Gad Fwontyè yo

Stasyon Gad Fwontyè yo fèt pou ebèje migran yo pwovizwaman e yo pa gen kapasite pou kenbe pakèt moun kap rive sou yo. gen kèk stasyon ki deja sichaje ak moun. Dabitid yo kenbe migran yo pandan 60 hè. Yo resevwa lod pou komanse libere moun si yo arete plis pase 7,000 migran nan yon jounen.

Sa deja rive. Yo arete plis pase 10,000 moun Madi. Sa taka kreye pwoblèm pou responsab administrasyon Biden ann kap chache sere boulon moun kap antre ilegalman nan peyi a.

Sant Migrasyon

Responsab Ameriken yo gen entansyon louvri 100 sant migrasyon rejyonal atravè emisfè Oksidantal la kote moun ka mande pou voye yo nan lot peyi - pami yo Canada ak Espay.

Ap gen sant migrasyon nan Kolonbi ak Guatemala, men li poko klè ki kote yap mete lot no, ni kilè yo pral komanse fonksyone.