Prezidan pwovizwa Konsèy Kominal vil Los Angeles la ap ogmante presyon sou 2 manm pou fòse yo demisyonnen poutèt patisipasyon yo nan yon reyinyon prive kote yo pa te leve vwa yo kont yon kòlèg ki te fè kèk deklarasyon brital e rasis, kote kèk fwa yo te menm antre nan koze a.
Prezidan pwovizwa Konsèy la Mitch O’Farrell deklare madi li pwal wete Gil Cedillo ak Kevin de Leon nan travay ke yo gen pou fè, e wete yo nan pozisyon yo kòm dirijan nan konsèy la. 2 mesye yo te rejte apèl pou yo bay demisyon yo malgre kondanasyon ki soti anpil kote, ki te lakoz ansyen Prezidan Konsèy la Nury Martinez demisyonnen semèn pase.
Anrejistreman reyinyon an ki te fuite deyò plonje konsèy la nan yon debandad pandan manifestan ki move kou kong te fèmen reyinyon yo.