Repibliken, Patizan Trump yo Kritike Desantdelye FBI la nan Mar-a-Lago

Ajan Sevis Sekre ak zam nan men yo kanpe devan antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.

FBI fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump la nan Florid ki rele Mar-a-Lago, yon operasyon ki make yo chanjman dramatik nan anket la jistis Ameriken ap mennen sou misye. Sepandan operasyon Florid la tonbe anba kad yon anket pi laj yap mennen sou Trump ak tan li te pase sou pouvwa a.

Danje legal ki poze nan dives domen pou Trump, vini nan moman ansyen chef deta a ap eseye tabli yon kad pou yon lot kanpay prezidansyel pou ane 2024.

Li demanti li vyole okenn lwa e li te kritike fouy Lendi a - kom yon tantativ sistem jistis kriminel la ap sevi kom zouti politik pou anpeche'l ranpote yon lot manda.

Sepandan, Prezidan Joe Biden di li pat o kouran ke yo tapral fe fouy la e direkte aktyel FBI la se yon responsab Trump te nomen nan pos li.

VOA Kreyol te ale Mar-a-Largo jodia kote patizan Trump yo tap manifeste.

Yon dam ki tap flote yon drapo Ameriken di nou "sa a di se yon bagay ki fe nou pe - nou gen ke sote pou pitit nou ak pitit pitit nou - nan yon mond ki lib bagay konsa pa fet pou rive."

Yon misye ki patizan Trump di "sa a di mwen kwe plan yo se akize Trump epi kondane'l pou anpeche li poze kandidatu li an 2024. Paske se sel fason yo ka bloke Donald Trump. Lapres vle fe sanblans mwatye Ameriken apiye li e lot mwatye a pa apiye'l men se pa sa ditou. "

Men yon rezime anket kap dewoule yo nan dives eta:

Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump pandan yon miting politik, 5 Out 2022.

ACHIV NASYONAL

Fouy FBI fe Lendi a tonbe nan kad yon anket pou determine si trump te pran dokiman sekre soti Lamezonblanch pou'l sere yo lakay li nan Florid, dapre moun ki familye ak kestyon an. Trump konfime fouy la piblikman e li kondane'l kom "enkondwit pwokire a". Li plenyen tou pou di ajan FBI yo louvi yon kof fo li genyen lakay li.

Trump pa di poukisa yo tap fouye kay li, men Depatman Jistis la ap mennen anket depi plizye mwa sou posibilite pou Trump ta maltrete dokiman sekre. Anket la te komanse ak Administrasyon Dokiman Achiv Nasyonal la, ki te di li te resevwa 15 bwat dosye Lamezonblanch ke Mar-a-Lago te voye ba li, e ladann te genyen dokiman sekre.

Gen plizye lwa federal ki dikte kijan yo fet pou aji ak dokiman gouvenman an ki sekre ou sansib - e gen lwla ki di se yon krim pou yon moun pran dokiman sa yo.

Yon fouy pa neseseman vle di ke la jistis pare pou akize Trump ofisyelman, men pou jwenn yon manda pou fe yon fouy konsa, fok ajan federal yo konvenk yon jij ke yo gen anpil rezon pou kwe yon krim te komet.

Antre kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, Lendi 8 Out, 2022, nan Palm Beach, Florid.

ELEKSYON 2020 ak ATAK CAPITOL 6 JANVYE a

Depatman Jistis la ap mennen anket tou sou atak 6 Janvye 2021 an ak jefo Trump te fe pou'l ranvese rezilta eleksyon an le li te deklare sa li te konnen te yon manti - ki se: ke gen koken ki te fet. Li pa kle si anket sa a sible direkteman ansyen prezidan an.

Yon gran jiri federal mande avoka Lamezonblanch la, Pat Cipollone ak adjwen li an pou yo vinn temwaye. Sa sigjere ke pwokire yo konsidere pwoch konseye Trump yo kom temwen esansyel.

Avoka gouvenman an ap konsantre sitou sou yon konplo alye Trump yo te monte pou bay fo elekte prezidansyel yo plis pouvwa elektoral nan eta kote Joe Biden te ranpote la viktwa. Sete yon fason pou siprime vwa sa yo. Avoka yo mande plizye responsab pati Repibliken an vinn temwaye sou sa pandan semen ki pase yo.

Lapolis ap jere sikilasyon an devan kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, 8 Out 2022.

NOUYOK

Yon lot kote, nan Nouyok, Komise Gouvenman an Letitia James ap mennen yon anket sivil sou akizasyon ki di kom kwa, konpayi Trump la, Trump Organization, te bay bank ak responsab enpo yo manti sou vale byen li posede yo tankou pa egzanp teren golf ak bilding, pou yo te ke jwenn pre epi benefis enpo.

Pandansetan, avoka leta nan Manhattan ap pousuiv yon anket kriminel sou biznis imobilye Trump la.

Senate Repibliken Roger Marshall di Ameriken vle we transparans. Se poutet sa direkte FBI la Wray ak Minis Jinis Garland dwe paret devan pep Ameriken an jodi epi esplike yo epi reponn kestyon difisil lapres nasyonal dwe poze yo pa rapo ak prezidan an. Nou merite repons. Nou merite transparans.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press