Iran: 36 Moun Mouri nan yon Bilding ki Efondre nan Sidwès peyi a

  • Serge Michel

Iran Air Pollution

Bilan moun ki mouri moute rive nan 36 nan yon bilding ki pran tout yon blòk nan sidwès Iran, ki plonje semèn pase a, e deklannche manifestasyon, dapre sa medya leta rapòte madi a.

Yon gwo seksyon nan bilding ki rele Metropol ki gen 10 etaj e ki te an konstriksyon nan yon ri ki gen anpil aktivite nan vil Abadan, li tonbe plat atè, 23 Me pase, e lakoz youn nan dezas ki touye plis moun nan ane ki pase yo nan Iran.

Gen 5 etidyan pami mò yo, dapre Masoud Hamidinejad, chef depatman edikasyon nan Khuzestan, dapre ajans nouvèl IRNA.