Nouvel Konsenan Ayiti: 2 Polisye Jwenn Arestasyon yo Pou Trafik Dwòg nan Limbé

DESIRE James et JEAN LOUIS Fabert ont été arrêtés pour trafic illicite de stupéfiants

Lapolis nan nò peyi d Ayiti mete anba kòd Desiré James ak Jean- Louis Fabert ki se 2 polisye.

Otorite yo arete 2 ajan PNH sa yo ki te abò yon Nissan Patrol blan, pandan yo t ap prepare yo pou yo ale nan vil Kap-Ayisyen. yo te gen sou yo 352 kilogram marijuana, yon sòm 35 mil 985 goud, 2 pistolè taurus, kalib 9mm ke PNH la te ba yo, 29 katouch kalib 9mm, ak 2 chajè kalib 9mm.

Se Biwo BLTS nan nò peyi a k ap jere aksyon legal otorite yo ap pran kont 2 polisye yo.