Kore di Nò Lanse yon Misil Balistik

People watch a television screen showing a news broadcast with file footage of a North Korean missile test, at a railway station in Seoul on May 4, 2022. - North Korea fired a ballistic missile on May 4, South Korea's military said, just a week after lead

Kore di Nò te lanse yon misil balistik Mèkredi, yon semèn apre lidè li Kim Jong Un te pwomèt ke lap kontinye ak devlopman asenal nikleyè peyi a.

Nouvo tès zam sa a vini nan moman Kore di Sid ak Etazini te gentan atann yo aske Pyongyang ta pral rekòmanse tès nikleyè li yo, ki te sispann nan ane 2017.

Rejim Kore di Nò a te deja, nan mwa mas, fè plizyè tès misil balistik entèkontinantal (ICBM) youn ladan yo pwisan ase poul kapab rive sou teritwa Ameriken an.

Chef d'eta Majò Fòs Zame Kore di Sid te di nan yon deklarasyon Mèkredi ke te gen yon "lansman misil balistik Kore di Nò a 12:03 p.m." (0303 GMT), lansman sa a te soti nan ayewopò Sunan, ki sitiye li nan nò Pyongyang.

Pwojektil la te vwayaje 470 km e li te rive nan yon altitid 780 km anvan li tonbe nan Lanmè Japon an, anplwaye jeneral la te ajoute, ke lansman sa se yon "vyolasyon flagran rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an".

Minis Defans Japonè a, Makoto Oniki, konfime trajectoire misil la a e li presize ke misil la te fini kous li "andeyò zòn ekonomik eksklizif Japon an".

Malgre sanksyon entènasyonal yo pran kont Kore di Nò, nan dènye mwa sa yo li ogmante efò pou modènize asenal militè yo, e fè apeprè 14 tès depi mwa janvye a.

Nan yon gwo parad militè ki te fèt nan dat 25 avril, lidè Kore di Nò Kim Jong Un te pwomèt pou "ranfòse ak devlope kapasite nikleyè nasyon an nan yon vitès akselere."

"Zam nikleyè yo, yon senbòl fòs nasyonal nou an ak sant pouvwa militè nou an, dwe amelyore an tèm de kalite ak pòte," Kim te deklare.