FDA Bay Apwobasyon Total pou Vaksen COVID Moderna a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Moderna Vaccine

Ajans gouvènman Ameriken ki kontwole afè manje ak medikaman an, FDA, bay konpayi fabrikan medikaman Ameriken Moderna aprobasyon total pou vaksen li kont COVID-19 ke li pral vann sou non “Spikevax”.

Yo distribye vaksen sa a anpil nan Etazuni ak nan mond lan anba yon otorizasyon FDA pou ijans depi nan mwa desanm 2020. Se 2 zyèm vaksen kont COVID-19 ajans la apwouve totalman, apre li te fè menm jan an pou vaksen Pfitzer-BioNTech a nan mwa Out 2021.

Nan yon kominike, komisè pwovizwa FDA a Janet Woodcock di otorizasyon total vaksen sa a se yon etap enpotan nan lut kont pandemic COVID-19 la. Li ajoute pandan moun resevwa plizyè santèn milyon doz vaksen Moderna a anba otorizasyon ijan an, li konprann ke pou kèk moun aprobasyon FDA pou

Vaksen sa a ka petèt ba yo plis konfyans lè y-ap pran desizyon pou yo vaksinen.

Woodcock di piblik la ka asire-l ke vaksen Moderna "ranpli tout kondisyon ke FDA a ekzije pou nenpòt vaksen ke moun ap pran nan Etazini, tankou fòk li san danje, bay bon rezilta, e ke kalite fabrikasyon li kòrèk."

Yo apwouve Vaksen Moderna pou izaj nan plis pase 70 peyi pami yo: Wayom Uni, Kanada, Japon avek Inyon Ewòp la.