Minis trezò ameriken an, Timothy Geithner, rankontre ak otorite chinwa yo nan Peken pou yo fè kèk chita-tande sou amelyorasyon relasyon ekonomik ant Washington ak Peken epi sou sanksyon Etazini pran kont Iran akoz pwogram nikleyè peyi sa a.
Pandan yon tèt-a-tèt Mesye Geithner te fè ak vis prezidan Chinwa a, Xi Jinping, li di se avèk anpil enpasyans Lèzetazini ap tann pou li bati yon kowoperasyon trè djanm avèk La Chin sou kwasans ekonomi mondyal la e sou non pwoliferasyon nikleyè.
Ajans nouvèl leta chinwa a, Chin Nouvèl, di 2 pati yo pwomèt pou yo ranfòse kolaborasyon yo nan travay k ap fèt pou ankouraje relans ekonomi mondyal la ki twouve l nan yon sitiyasyon trè konplike e ki trè difisil.
Minis Geithner gen pou l rankontre avèk prezidan chinwa a, Wen Jiabao, e ak kèk lòt otorite chinwa.