Premye Minis Nonmen Jean Henry Ceant di Sou Kont Twitter li deja depoze 35 Kopi Enonse Politik Jeneral li toupatou nan Sena Ayisyen an

Foto Jean Henry Ceant. REUTERS/ Andres Martinez.

Premye Minis nonmen ayisyen an Jean Henry Ceant anonse sou kont Twitter li a ke li depoze nan sena a 35 kopi politik jeneral li dapre konstitisyon an. Prezidan sena a Joseph Lambert deklare nan laprès Premye Minis deziye a manke 2 dokiman nan dosye a tankou arete ki nonmenn nan pòzisyon an avek lis minis ak sekretè deta pwochen gouvènman an. Selon senatè a li poko ap envite Premye Minis nonmen an toutotan li pa resevwa rès dokiman yo.

La Kou Siperyè dèkont ak Kontansye Administratif anonse rezilta ankèt l ap mennen sou dosye Petro Karibe a ap disponib an Janvye 2019. Selon manm enstitisyon an yo pral analize 300 pwojè gouvènman ki te pase sou pouvwa a te egzekite ant 2008 a 2016.

Sena ayisyen an vote prèske san diskisyon pwojè bidjè rektifikatif 2017-2018 la ak 11 vwa pour, 2 kont ak 7 abstansyon. Dokiman an pral jwen egzekitif la pou piblikasyon