Yon Jij Federal mande pou Gouvènman an Kanpe sou Depotasyon Fanmi Kap chache Azil Ozetazini pou Omwen yon Semèn.

Manifestasyon Kont Depotasyon Paran San Pitit yo nan Los Angeles.

Yon juj federak kanpe tanporèman depòtasyon fanmi imigran ki fèk sot reyuni apre otorite imigrasyon Etazuni te separe yo sou fwontyè peyi a pataje ak Meksik la. Jij Dana Sabraw nan vil SanDiego, eta Kalifòni, bloke depòtasyon sa yo pou omwen yon semèn e mande pou gouvènman federal la reponn mosyon Unyon ameriken pou libète sivil-la. Avoka Lee Gelernt, ki reprezante unyon-an di

: " Li konpllètman inakseptab pou gouvènman-an fè depòtasyon sa yo nan moman ti moun yo ap desann nan yon otobis. Kidonk, jij la emèt yon lòd pou kanpe sou depòtasyon sa yo. Sa fè nou kontan anpil. Gouvènman an di li pral fè lòt reyinifikasyon yo disi dat 26 Jiyè kap vinn la a. Mwen kwè jij la pran yo o mo."

Responsab unyon ameriken pou libète sivil la di paran yo bezwen omwen yon semèn pou detèmine si wi ou non yo yo pral rapousuiv yon demand azil sou teritwa ameriken an.