Kriz “o pliryèl” ann Ayiti – Tout Sektè Ankouraje Dyalòg

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Konsekans mouvman leve-kanpe yo ann Ayiti. Yon sipè-makèt manifestan yo boule.

Nan mitan aktyalite a nan peyi d Ayiti toujou genyen reyaksyon ki kontinye tonbe apre ensidan ki te domine lavi a pandan wikenn pase a e ki koze plizyè milyon dola dega nan kapital la, Pòtoprens (gen sous ki pale de “milya dola” o pliryèl). Devan sitiyasyon grav sa a ki gen kòm “koz okazyonèl” desizyon gouvènman Moise-Lafontant an te pran, nan dat vandredi 6 jiyè 2018 la, pou l ogmante pri pwodui petwolye yo, otorite yo deside rankontre, depi kòmansman semèn nan, avèk reprezantan divès sektè pou wè kijan yo ka wete peyi a sou yon wout ki mennen nan dezas e ki ka debouche sou plis dezas toujou si yo kontinye dirije san prevwayans, san yo pa eseye pran devan evennman yo pou yo “metrize dezas yo”, tankou jounal Le National di sa a mèkredi 11 jiyè a nan yon editoryal.

RANKONT APRE RANKONT

An plis move konsekans tankou blokaj vi nasyonal la, absans kominikasyon ant katye ak katye nan Pòtoprens, ant Pòtoprens avèk pwovens, ant Ayiti avèk peyi etranje (vòl entènasyonal te sispann nan eyewopò entènasyonal Toussaint Louverture la nan kapital la), boutik, magazen, otèl, machin, elatriye, ki boule… nouvèl yo pale de yon moun omwens ki mouri. Nan kad yon estrateji pou ranvèse tandans sa a, kalme mas popilè yo e mete fen nan mouvman leve-kanpe a, Prezidan Jovenel Moise resevwa divès delegasyon ke li te envite nan palè nasyonal la pou yon echanj dide sou fason pou l jere sitiyasyon an.

Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, an kostim sivil, nan mitan. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares).

Se konsa, youn apre lot, lidè ayisyen an ta pral fè chita-tande avèk yon delegasyon palman an (prezidan 2 chanm yo, Joseph Lambert ak Garry Bodeau respektivman pou sena a ak chanm bas la), reprezantan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, yon delegasyon Core Group la (ki gen ladan n, antwòt, diplomat Nasyon Zini ak l’OEA, pami yo genyen delege MINUJUSTH)). Manm chak delegasyon pale pou di yo regrèt sitiyasyon an jan li prezante nan peyi a, yo prezante kondoleyans yo bay fanmi viktim yo e yo pare pou yo apiye tout efò pou retabli lòd ak trankilite ann Ayiti, paske se faktè ki nesesè pou peyi a gen stabilite, konsolide pwogrè demokratik yo epi kontinye konstwi sou pwogrè sa yo.

OPINYON SOU SEKRETE DETA ADJWEN AMERIKEN

KENNETH MERTEN SOU KRIZ LA

Finalman, nan depozisyon Anbasadè Kenneth Merten, Sou Sekretè Deta Adjwen Prensipal Enterimè pou Kanada, Ayiti ak Karayib la, t ap fè devan yon komisyon Kongrè a mèkredi 11 jiyè 2018 la, sou sitiyasyon an ann Ayiti, li deklare:

"Nou byen kontan wè lapolis d Ayiti, gouvènnman ayisyen an repran kontwòl lari yo nan Pòtoprens. An fèt, nou byen konprann rezon ki fè moun yo ann Ayiti ap leve-kanpe, ap pran lari pou yo manifeste, pou yo montre yo pa kontan, se paske yo pa gen ase opòtinite ekonomik. Kidonk, se pou nou ankouraje moun pou yo al envesti nan peyi a; e gen moun ki vle al envesti ann Ayiti."