Prezidan Trump ak palmatè Republiken yo ap chache yon solusyon sou Dosye Imigrasyon an,

Prezidan Trump ap mache ak prezidan chanm depite Paul Ryan nan Capitol Hill madi 19 jen , 2018. AP/ J.Scott Applewhite.

Prezidan Donald Trump deklare bay yon gwoup palmantè republiken pandan yon rankont yè madi-a li apiye yon 2 pwopozisyon lwa sou imigrasyon kongrè Etazuni-an ap anvizaje. Rankont sa-a entèvni nan moman kritik ap ogmante kont administrasyon TRump-la konsènan politik ki separe timoun piti ak fanmi yo sou pati sud fwontyè Etazuni pataje ak Meksik-la, nap paler de paran ki antre sou teritwa ameriken-an iligalman