Ayiti: Otorite Ladwann yo Sezi 15 Kamyon Chaje ak Machandiz Kontrebann

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Aktivite komèsyal sou fwontyè ant Ayiti ak Sen Domeng.

Otorite ladwann yo sezi 15 kamyon ki, daprè enfòmasyon yo, t ap transpòte machandiz nan kontrebann (yo mete men sou dènye kamyon an nan jounen jedi 24 me 2018 la). Pami pwodui swadizan kontrebandye yo t ap transpòte yo, gen ze, salami ak atik ki sèvi pou mete manje.

Daprè direkè jeneral administrasyon Ladwann ayisyen an, Jn. Jorel Janvier, kamyon yo t ap sòti an Repiblik Dominikèn e yo te deja travèse fwontyè a. Komisè divizyonè Frantz Saint-Amand (polis fwontyè) di otorite yo pral itilize nouvo teknoloji pou yo siveye wout kontrebandye yo.