Aprè Lèzetazini, Plis Peyi Oksidantal Deside Ekspilse Diplomat Ris ki sou Tèritwa yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Pòtpawòl La Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, nan yon pwendeprès kote li reponn kesyon sou kriz diplomatik ant Loksidan ak Larisi a. (Foto: AP/Andrew Harnik. Madi 27 mas 2018).

Lèzetazini defann desizyon li pran pou l deziye “persona non-grata” plizyè dizèn diplomat Ris kòm reyaksyon aprè atak ak gaz anpwazonen Moskou ta fè sou yon ansyen ajan doub rus ki tap viv nan la Grand Bretay e sou yon pitit fi l. Pandanstan, Oganizasyon Trete Atlantik Nò a (L’OTAN) anonse li mete deyò 10 manm pèsonèl diplomatik ris la nan òganizasyon an. Men deklarasyon Jens Stoltenberg, Sekretè Jeneral l’OTAN, fè sou dosye a madi 27 mas la.

" Desizyon sa a voye yon mesaj klè bay Larisi pou fè l konnen konpòtman danjere li a se yon atitid ki inakseptab; yap peye yon pri pou sa, paske konpòtman konsa gen konsekans."

Sekrtè Jeneral l'OTAN an, Jens Stoltenberg. (Fioto: Madi 27 mas, 2018).

Pandansetan, apre anons Lèzetazini an, 25 lòt peyi -pami yo genyen Lafrans, Lalmay, Lapolòy ak Ostrali- pran desizyon pou yo ekspilse plizyè dizèn diplomat ris ke yo sou akizasyon deske yo se espyon. Minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, li-menm, denonse Washington ki, dapre li, ta mete presyon sou peyi sa yo pou yo pran menm pozisyon avèk li epi pou bay yon repons entènasyonal pou swadizan anpwazonman ansyen ajan doub ris la. Men opinyon Chèf diplomasi Larisi a:

" Nou byen konnen sa kap pase la a se rezilta yon gwo kokenn presyon, yon chantaj ekstwòdinè ki reprezante kounyela a zouti Washington ap itilize sou sèn entènasyonal la; e se byen domaj."

Sergey Lavrov, Minis Afè Etranjè Larisi a. (Foto: 27 mas 2018).

Nan yon pwendeprès ki dewoule nan La Mezon Blanch nan jounen madi 27 mas la, yon jounalis te mande pòtpawòl la, Sarah Sanders Huckabee Sanders, èske Lèzetazini ap mete sou larisi menm kalite gwo presyon li te mete sou Kore di Nò a, presyon tankou sanksyon ekonomik. Men repons Madam Sanders:

"Sètenman nap mete presyon sou Larisi. San di pètèt nap ankouraje tout alye ak patnè nou yo pou yo fè menm bagay la, e nap travay avèk yo pou sa. Mwen kwè ou deja konstate yon kantite san parèy peyi ki reponn prezan e ki mete yo ansanm ak Lèzetazini nan efò sa a."

Nan menm jounen madi 27 la, jounalis yo te mande pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert, kijan administrasyon Trump la fè konnen diplomat ris yo t ap fè espyonaj. Li di, pèsonèlman, li pat wè rapò sèvis ransèyman ameriken yo prepare sou kesyon; men gen lòt moun ki li rapò a. Madan Nauert lanse apèl bay Larisi pou mande l prezante ekskiz li pou atak ak gaz anpwazonnen an epi sispann konpòtman malonnèt e belijeran li a. Kesyon ap poze pou mande èske Larisi pral swiv konsèy sa a, nan moman Moskou kontinye rejte akizasyon an avèk tout fòs.