Rankont ant 2 Kore Kapap Louvri Pòt pou Negosyasyon ant Pyongyang ak Washington
Your browser doesn’t support HTML5
Kore di Sid di otorite yo nan Kore di Nò deklare pap gen nesesite pou yo kontinye ak pwogram nikleyè yo a si menas militè kont peyi yo pa egziste ankò; yo ajoute yo dispoze antre nan negosyasyon ak Lèzetazini. Se pi gwo chèf sèvis sekirite nasyonal Kore di Sid la ki fè anons la.