Vedèt Mizik Annie Lenox Di Lap Rete Anbasadris Mondyal Oxfam

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Annie Lennox fè konnen li gen entansyon kontinye sèvi kòm anbasadris mondyal pou Oxfam malgre akizasyon ki tonbe sou do kèk anplwaye òganizasyon charite sa a pandan yo te ale bay asistans ann Ayiti aprè tranblemanntè janvye 2010 la.

Madam Lennox -ki te evolye kòm chantèz nan gwoup mizikal Eurythmics-- genyen 63 zan. Nan jounen dimanch 5 mas la, li bay Times Magazine yon entèvyou kote li deklare li pap kite Oxfam. Daprè li, òganizasyon byenfezans la poze move zak, se vre; men li pwomèt pou l fè chanjman. Vedèt la di:

Annie Lennox (agoch) ki t ap chante avèk akonpayman gitaris Dave Stewart nan yon sware omaj pou The Beatles. (Foto: AP/Zach Cordner/Invision, 27 janvye 2014).

<< Se tap yon trajedi total-kapital pou plizyè milyon moun atravè lemond si Oxfam pa ta an mezi pou l fè travay li nòmalman paske yo koupe fon lajan òganizasyon an. >>

Oxfam ap fè fas ak anpil akizasyon kòmkwa 7 nan anplwaye li yo te envite pwostitye vin jwenn yo nan biwo òganizasyon an pandan yo t ap travay ann Ayiti aprè tranblemanntè ki te devaste peyi a nan ane 2010.