Andris Riché, yon ansyen Senatè ayisyen ki tap vizite vil Boston, Ozetazini di li kondane ensidan dife ki rive nan 2 mache piblik nan Pòtoprens yo, mache Ipolit ak Gerit, youn apre lòt.
Ansyen palmantè Gran Dans la, ki se aktyèlman konseye politik Prezidan Jovenel Moise mande lapolis pou l pran tout dispozisyon pou mennen devan lajistis nenpòt moun yo ta sispèk nan ensidan malere sa a ki lage anbil machann 2 bra balan akoz machandiz yo dife a detui.
Ansyen Senatè Riché mande tou pou machann yo pran asirans pou machandiz yo, yon fason lè yon ensidan konsa rive pou yo pa nan gwo tèt chanje.
Ansyen Senatè Andris Riché te reponn kesyon Wilson Dubuisson, konespondnan Lavwadlamerik nan Boston.