Brezil-Politik: Eske Ansyen Prezidan Luiz Ignacio da Silva Pral Patisipe nan Pwochen Eleksyon yo?

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ansyen Prezidan Luiz Inacio Lula da Silva ki tap pale nan yon manifestasyon an favè li nan vil Porto Alegre, o Brezil, madi 23 janvye 2018 la.

O Brezil, yon kou dapèl ap pase an revi desizyon yon tribinal te jwenn ansyen prezidan Luiz Inacio Lula da Silva koupab deske li te mele nan koripsyon -yon desizyon ki kapab jwe yon gwo wòl nan kesyon pou konnen èske l ap kapab poze kandidati li pou pös prezidan an ankò pi ta ane sa a.

Pandan seyans la t ap dewoule nan Kou Dapèl la mèkredi 24 janvye 2018 la, lapolis te antoure lokal tribinal la epi elikoptè t ap fè patwouy nan syèl la. Lajistis te jwenn Misye da Silva koupab nan mwa jiyè 2017 la epi yon jij te kondane li pou l pase 9 lane edmi nan prizon pou lavaj move lajan ak koripsyon.

Luiz Inacio Lula da Silva avèk yon drapo Brezilyen nan men li pandan li t ap antre nan yon tribinal pou l fè depozisyon li nan vil Curitiba, Brezil, nan dat 10 me 2017.

Ansyen prezidan an, madanm li ak kèk lòt moun te tonbe anba akizasyon dèske yo te benfisye ilegalman nan lajan ki te depanse pou remodle yon kay ki bati sou yon plaj. Konpayi ki te responsab travay la te mele nan yon eskandal koutlajan anba tab ansanm avèk konpayi petwòl leta brezilyen an, PETROBRAS. Lula demanti akizasyon an e li fè konnen kay bò plaj la se pa t janm pwopriyete prive li.

Kou dapèl la pral deside si wi ou non li dwe konfime kondanasyon an; konsa li pral detèmine si wi ou non ansyen prezidan an kapab ale nan eleksyon an ki fikse pou oktòb 2018. Anpil sondaj montre li byen plase pou l ranpòte laviktwa si li patisipe.