Etazini: 3 Nouvo Viktwa pou Mitt Romney nan Eleksyon Primè yo

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ozetazini, kandida repibliken nan kous prezidansyèl la, Mitt Romney, ranpòte la viktwa nan eleksyon primè ki dewoule nan 3 lòt eta, sa ki fè lap vanse pi pre pou l vin tounen kandida ki pral nan kous la kont Prezidan Barack Obama nan mwa novanm nan.

Msye Romney kounye a gen plis ke 900 delege aprè li fin genyen eta Indiana, Kawolinn di Nò ak Lwès Vijini. Ansyen gouvènè Massachussetts la bezwen mil 144 delegue pou l dekroche nominasyon pati a e pou l jwen chans pou l fè fas a prezidan demokrat sòtan an.

Nan primè Indiana yo Senatè repibliken Richard Lugar te pèdi tantativ li t ap fé pou l re-eli nan eta li te reprezante pandan plis pase 3 dizèn lane. Msye Lugar ki gen 80 lane te pèdi nan yon batay sere kont yon kandida mouvman « Tea Party » a ki apiye pi piti gouvènman e mwens taks.