Ajan Santral Ameriken CIA Deraye Yon Nouvo Konplo Al-Kaida

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Nouvèl ki soti nan laprès Ozetazini fè konnen yon nèg ke al-Kaida , branch Yemen nan te voye eksploze avyon ameriken , se vrèman yon ajan doub ki te enfiltre rezo teworis la e li te konvenk teworis yo pou te fè l konfyans avèk yon nouvo bonm ki fabrike yon fason pou l ka pase nan sekirite nan aewopò yo san pwoblèm

Responsab sèvis ransèyman ameriken e etranje ki pa idantifye fè konnen operasyon sekrè yè madi a te fèt avèk konkou sèvis ransèyman Arabi Saoudit ak CIA. Yo eksplike nèg la te jwe yon wòl bonbis kamikaze e li te mete l volontè pou misyon an kote l t ap kache kèk eksploziv anba rad li pou l pase nan sekirite aewopò.

Operasyon an te remèt eksploziv sofistike bay responsab ameriken k ap analize bonm nan nan laboratwa FBI ki nan Quantico nan Virjini. Responsab yo di ankò, operasyon an te jwenn enfòmasyon ki te pèmèt yo reyisi dimanch ki sot pase la a yon atak aeryèn kont lidè al-Kaida Fahd Mohammed Ahmed Al-Quso nan Yemen. Quso , se yon teworis Etazini t ap chèche pou wòl li te nan eksplozyon bato-de-gè ameriken USS Cole nan lanmè Yemen nan lane 2000 kote 17 marin ameriken te pèdi la vi yo.