Prezidan Obama Defann Estrateji Gouvènman Li a nan Lit kont Gwoup Eta Islamik la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè deklarasyon sou lit kont teworis yo pandan li te gen bò kote li Directè CIA a, James Clapper (adwat), ak kòmandan Wo Eta Majò lame amerikèn nan, Jeneral Joseph Dunford apre yon rankont Misye Obama te fè ak ekip sekirite nasyonal la nan Depatman Trezò a nan Washington, nan dat madi 14 jen 2016 la. (Foto: REUTERS/Carlos Barria).

Ozetazini, Vis Prezidan Joe Biden di "plis tan ap pase, se plis anketè yo ap wè klè" nan atak ki te touye 49 moun e fè plis pase 50 blese dimanch maten nan yon night club nan vil Orlando, Eta Florid. Misye Biden pat bay plis detay lè l tap abòde kesyon an madi 14 jen 2016 la; men li ajoute nan jou kap vini yo Prezidan Barack Obama a va di plis. An fèt, Prezidan Obama gen pou l ale vizite vil Orlando jedi 16 jen an.

DOSYE -- Ekspozisyon 3 tip zam-daso AR-15 nan vil Sacramento, Eta Kalifòni. Se kalte zam sa a atakan Omar Mateen te itilize pou l komèt masak Orlando a nan nuit samdi 11 pou leve dimanch 12 jen 2016 la

Yon lòt kote, Prezidan Barack Obama prezante, nan menm jounen madi a, yon defans chaje pasyon pou estrateji ak dosye militè administrasyon n nan nan kanpay mondyal ki sou pye pou detwi Gwoup Eta Islamik la. Misye Obama prezante defans sa a nan moman kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, pa sispann atake administrasyon n nan sou dosye sa a. Misye Trump akize prezidan an deske li afiche yon atitid ki pa apwopriye, poutèt li derefize itilize mo "teworis islamik" oubyen "Islam radikal" pou l kalifye atak ki touye 49 moun dimanch maten nan yon night club nan vil Orlando, Eta Florid. Prezidan Obama reponn pou l di:

“Gwoup tankou Eta Islamik la ak al-Kayda vle fè lagè sa a tounen yon lagè ant Lislam ak Lèzetazini, ant Lislam ak Loksidan. Yo pretann se yo ki vrè lidè yon popilasyon mizilman ki depase yon milya moun atravè lemond e ki rejte nosyon moun fou yo a. Se pwopagann yo sa. Se konsa yo rekrite moun.... E si nou tonbe nan pyèj sa a, pou n ap pentire tout Mizilman ak yon sèl kout penso epi fè konnen nou nan lagè ak yon relijyon tout ankè, alòs nou tap fè travay teworis yo pou yo.”

Kandida a la prezidans pati repibliken an, Donald Trump, ki tap pale nan Inivèsite Saint Anselm nan vil Manchester, Eta New Hampshire, lendi 13 jen 2016 la.

Sepandan, pozisyon Prezidan Obama a pa anpeche Donald Trump kontinye choute sou li nan yon meeting ki dewoule madi a nan vil Greensborro, nan Eta Kawolin di Nò. Misye Trump deklare:

<<Youn nan moun televizyon yo di: "Wow! Eske Trump fin pa pwovoke prezidan an!" E prezidan an vin pi fache. Men, anpil moun di li tap pi bon si l te fache kont atakan an, kont tout atakan sa yo ki pat dwe nan peyi nou an.>>

Donald Trump repete yon deklarasyon li te fè depi nan kòmansman kanpay la, kote li te fè konnen Lèzetazini ta dwe pran dispozisyon pou l anpeche “teworis mizilman potansyèl” antre nan peyi a, espesyalman si yo se moun peyi ki gen yon istwa ki makònen ak zak teworis.