Etazini ak Kiba Ap Anvizaje Repriz Vòl Ayeryen ant 2 Peyi yo.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Drapo kiben an ak drapo ameriken an kòtakòt.

Otorite Etazini ak Kiba fè konnen yo prèt pou jwenn yon akò sou retablisman vòl komèsyal regilye ant 2 peyi sa yo ki te ennmi pandan lagè frèt la apre plis pase 50 tan kote vòl sa yo te sispann. Delegasyon 2 peyi yo ap travay sou dosye a nan Washington depi lendi pase a; objektif la se mete dènye touch nan detay yon akò yap negosye depi plizyè mwa.

Josefina Vidal, direktris jeneral nan ministè afè etranjè kiben an e responsab seksyon ki okipe rapò amerikano-kiben nan chansèlri sa a, pale ak laprès nan La Avàn pou l di 2 pati yo fè pwogrè sou preparasyon yon memorandòm sou kesyon an e yo pa lwen dat kote yo va fè yon anons ofisyèl sou yon antant.

Yon pòtpawòl Depatman Deta a konfime pwogrè sa yo; men li presize 2 ekip yo kontinye ap negosye. Plizyè gwo konpayi ayeryèn amerikèn --tankou American Airlines, Delta, United ak JetBlue-- enterese pou Etazini tabli vòl regilye nan direksyon Kiba.