Pap Franswa Pran Lapawòl devan Asanble Jeneral Nasyon Zini.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Pap Franswa (agoch) pran foto ak Sekretè Jeneral United Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, nan katye jeneral l'ONU an, nan New York. (Foto: 25 septanm 2015).

Pap Franswa, ki rive depi jedi nan vil New York, 2èm etap yon vizit Ozetazini ki deja mennen li nan Washington e ki pral fini nan Filadèlfi nan fen semèn nan, pran lapawòl devan Asanble Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an kote li lanse apèl bay prezidan ak premye minis yo pou yo jwe yon wòl lidèchip nan lit kont chanjman klimatik yo ak povrete, ak efò ki dwe fèt pou pwoteje refijye kap kouri kite zòn konfli yo.

Souvren Pontif la –ki genyen 78 tan e ki se premye pap ki sòti nan Amerik Latin nan- tabli yon ralasyon ant « move itilizasyon ak destriksyon anviwonman an » avèk sa li rele “yon pwosesis kap devlope san rete kote moun pratike eksklizyon ekonomik ak sosyal kont manm defavorize sosyete a.

Pap la, ki pale nan lang espayòl la, deklare pi lwen: «An fèt, yon move itilizasyon egoyis e pwolonje pouvwa a, mete sou anvi pou byen materyèl, debouche sou move itilizasyon resous natirèl ki disponib yo, menm jan sa debouche sou eksklizyon moun ki pòv e ki fèb yo. »

Aprè Pap la fin mete mesaj li a devan diyitè mondyal yo ki te reyini nan gran sal Asanble Jeneral l’ONU an, li asiste yon sèvis relijye ki te gen patisipasyon reprezantan plizyè relijyon diferan nan anplasman ansyen World Trade Canter la, kote nou jwenn jounen jodi a yon mize ki rele Mozole Nasyonal 11 Septanm nan.

Nan diskou souvren pontif-la, li abòde tou divès lòt pwoblèm ki poze nan mond aktyèl la :

-Chanjman klimatik yo ;

-Ankourajman sè ak mè relijyez yo ;

-Pwogram èd enstitisyon finansye yo ki pa atenn objektif yo vrèman, paske « yo toufe peyi pòv yo ak pwojè anti-sosyal e yo ogmante lamizè olye yo konbat povrete. »

-Konpasyon --e non pa ostilite-- pou fè fas ak pi gwo kriz refijye ki poze nan lemond depi 2èm Gè Mondyal la.