Kwonikè Spòtif Sélèb Ameriken, Frank Gifford, Mouri Dimanch 9 Out la. Li te Gen 84 tran

Frank Gifford, ansyen jwè ekip foutbòl New York Giants. Sept. 15, 2013, in East Rutherford, N.J. (AP Photo/Bill Kostroun)

Kwonikè spòtif selèb pou retransmisyon match chanpyona foutbòl ameriken "Foutbòl lendi Swa a--Monday Night Football " Frank Gifford, mari 2zyèm prezantatris pwogram Today Show sou chèn televizyon NBC a, Kathie Lee Gifford, mouri jodi a natirèlman lakay li. li te genyen 84 lane.

Fanmi an pibliye yon deklarasyon kote li di “se avèk anpil tristès na p anonse lanmò mari, papa ak zanmi nou renmen anpil la, Frank Gifford. “Frank mouri sibit bèl dimanch maten sa a. Li mouri natirèlman lakay li nan Connecticut. Nou selebre lavi ekstwodinè li te genyen privilèj viv, e'n santi nou rekonesan e beni deske yon kretyen vivan ekstwòdinè tankou l te renmen nou. Nou mande piblik la respekte vi prive nou nan moman difisil sa a, e nou remèsye tout moun pou priyè yo".

Anvan li te tanmen karyè li kòm kwonikè spòtif, Gifford te pase 12 zan ap jwe pou ekip foutbòl New York Giants, avèk 8 aparisyon nan chanpyona pro Bowl la. An 1956, li te dekowche twofe jwè ki bay meyè pèfòmans lan nan ane 1956.

Gifford ranpòte yon pri Emmy an 1976 (kòm pèsonalite spòtif pi remakab). An 1997 yon pri Emmys pou tout sa l akonpli nan vi li nan domèn spòtif la.

Li te jwe pwòp wòl li nan plizyè seri sou spò nan televizyon--pami yo Spin City ak Coach.