Meksik Ranpòte 13èm Edisyon Koup Dò KONKAKAF la

Mexico with CONCACAF 2015 CUP TITLE

Filadelfi--Pensilvani.

Meksik ranpòte 13èm edisyon Koup Dò KONKAKAF la fas ak Jamayik ki bese paviyon devan ekip astèk la sou yon skò 3 a 1 nan final konpetison an ki dewoule nan Filadelfi dimanch 26 jiyè 2015 la an prezans 68 mil 930 fanatik. Andres Guardado --ki ranpòte balon dò a ak 6 gòl-- Jesus Corona ak Oribe Peralta se jwè ki make gòl Meksiken yo. Darren Mattocks, ki te antre nan 2èm mitan an, make sèl gòl jamayiken yo. Ameriken Clint Dempsey ranpòte soulye dò a ak 7 gòl. Gadyen seleksyon nasyonal Lèzetazini an, Brad Guzan, ranpòte gan dò a avèk 5 gòl ankese pandan konpetisyon an.

Antrenè Meksiken an, Miguel Herrera, wete chapo devan efò jamayiken yo deplwaye; li deklare objektif li kounye a se jwenn tikè pou Koup Konfederasyon an Larisi pral òganize an 2017 gras ak yon viktwa li espere ranpòte sou Lèzetazini nan dat 9 oktòb 2015. Misye Herrera pale pou l di:

”Jodi a mwen wè sou teren an yon bon seleksyon mesiken ki afiche anpil kalite. Yo byen jere rankont la fas a Jamayik ki te ban nou anpil pwoblèm nan premye mitan an. Laverite kounye a sè ke nou kòmanse panse ak match de baraj 9 oktòb la fasa seleksyon ameriken an pou detèmine reprezantan KONKAKAF la nan Koup Konfederasyon an.”

Match de baraj ant Etazini ak Meksik la ap jwe 9 oktòb la nan stad Rose Bowl la, nan Eta Kalifòni, dapre anons KONKAKAF la fè.

Bò kote pa l, antrenè seleksyon Jamayik la, alman Winfried Shäfer, ki ede peyi karayib la rive pou la premyè fwa nan final Koup Dò KONKAKAF la, remèsye Reggae Boys yo pou bèl pèfòmans yo remèt nan konpetisyon an, san li pa bliye bèl travay seleksyon Meksiken an reyalize. Nan konferans pou laprès li bay aprè rankont la, li deklare:

“ Opinyon m, sè ke Meksik se yon bèl seleksyon; yo woule balon byen. Nou te byen kòmanse match la, men malerezman nou rate anpil okazyon. Nou pliye apre Meksiken yo te louvri skò a; anfen nou komèt lòt erè e Meksiken yo pwofite.”

Nan match klasman pou 3èm plas la, Panama kale Etazini 3 a 2 sou tir penalite apre tan reglemantè a ak 30 minit pwolongasyon te fini sou yon skò egalite: 1 a 1.

Seleksyon meksiken yo te tonbe anba anpil kritik pou fason li te rive nan final la, sitou akoz rezilta pozitif li te jwenn nan rankont semi final la fas a Panama. Daprè anpil obsèvatè, Meksiken yo te jwenn yon kout-men klè nan men abit yo. Prezidan KONKAKAF la, Alfredo Hawit, te fè soti yon nòt apre li te konvoke abit ameriken Mark Geiger ak tout komisyon abit yo. Selon nòt la, Misye Geiger rekonèt match la te deteryore akoz yon seri erè. Responsab yo nan KONKAKAF la aksepte rezilta a ak erè yo, menm si yo regrèt sa k pase a se yon bagay regretan.

Nan kòmantè antrenè Meksiken, Panameyen, Jamayiken ak Ameriken yo fè konsènan tounwa Koup Dò a, yo rekonèt efò lòt peyi nan rejyon KONKAKAF la fè -sa ki bay yon pwogrè vizib ki pèmèt yo kenbe tèt fas ak kèk gwo potanta foutbòl rejyonal la tankou Etazini, Meksik ak Kanada. Antrenè gwo seleksyon sa yo fè konnen jounen jodi a yo dwe pran anpil prekosyon lè y ap rankontre ak lòt peyi yo, kit se nan eliminatwa Koup Di Mond la, kit se pou Jezolenpik yo, oubyen lòt konpetisyon rejyonal yo.

Istwa Koup Dò a, ki te kòmanse nan lane 1991, montre nou Meksik ranpòte tit chanpyon an 7 fwa (1993, 1996, 1998, 2003, 2009, 2011, 2015) ak 13 patisipasyon. Etazini 5 fwa (1991, 2002, 2005, 2007, 2013) epi Kanada 1 fwa nan lan 2000.