"Gouvènman Ayisyen an Pa Gen Ekskiz pou l Prezante Repiblik Dominikèn."

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Minis Kominikasyon ayisyen an, Rotchild François Junior.

Gouvènman ayisyen an di li pa gen pwoblèm pou l aksepte yon pwopozisyon OEA fè pou Ayiti ta fè chita-pale ak Repiblik Dominikèn pou 2 peyi yo eseye rezoud pwoblèm ki poze ant yo konsènan rapatriman ayisyen k ap viv nan Panyòl ilegalman. Yon lòt kote, Minis Kominikasyon e Pòtpawòl gouvènman an, Rotchild Francois Junior, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, fè konnen administrasyon Martelly/Paul la pa gen okenn ekskiz pou l prezante bay gouvènman Prezidan Danilo Medina a ki di okenn ofisyèl dominiken pap rankontre ak otorite Ayisyen yo "toutotan yo kontinye ap akize Repiblik Dominikèn kòm yon peyi k ap vyole dwa moun."

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou madi 21 jiyè 2015 la-rotchild

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti pou madi 21 jiyè 2015 la

Congrès des Haitiens pour Fortifier Haiti se yon òganizasyon ki reyalize yon fwon ak lòt gwoup nan dyaspora a pou fè demach pou ayisyen kap viv aletranje yo patisipe nan pwochen eleksyon prezidansyèl yo. Yon delegasyon Kongrè a te Washington D.C. nan kad mouvman sa a. Lionel Jean-Baptiste ak Alix Claude, 2 lidè òganizasyon an, reponn kesyon Jacquelin Bélizaire .