Prezidan Michel Martelly resevwa Prezidan Chin-Taywan nan, Ma Ying-jeou, ki kòmanse yon vizit 2 jou ann Ayiti nan jounen madi 14 jiyè 2015 la. Lidè ayisyen an remèsye tokay taywanè li a pou kontribisyon peyi l pote nan egzekisyon pwojè nan divès domèn nan peyi a. Nan kad pwogram vizit sa a, Prezidan Ma Ying-jeou vizite MUPANAH (Mize Pantheon Nasyonal Dayiti a) nan menm jounen madi a epi li patisipe nan seremoni inogirasyon nouvo lokal Tribinal Kasasyon an ki konstrui ak kontribisyon Taypé. Aprè sa, 2 chèf deta yo te fè chita pale nan Palè Nasyonal la.
Your browser doesn’t support HTML5
Nouvèl Ayiti pou mèkredi 15 jiyè 2015
Bò kote pa l, Prezidan Taywanè a, Ma Ying-jeou, te pran lapawòl tou pou l fè konnen gen anpil efò ki rete pou fèt toujou nan sektè rekonstriksyon peyi d Ayiti a depi aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Misye Ma renouvle angajman peyi li pou li kontinye akonpaye Ayiti nan pwojè sa a epi pote apui li nan domèn enèji solè a.
Anfen, Inyon Ewòp la siyen yon pwotokòl dakò ak KEP a (Konsèy Elektoral Pwovizwa a) madi 14 jiyè 2015 la pou fasilite travay obsèvatè ewopeyen ki gen pou vin swiv dewoulman pwochen eleksyon yo. Daprè Manuela Riccio, Chaje Dafè Unyon Ewòp la nan Pòtoprens, akò sa a ap bay obsèvatè yo posiblite pou yo antre nan sant de vòt yo pou yo konstate de prè jan operasyon elektoral yo ap mache, e li pwomèt mesye-dam sa yo ap respekte prensip entènasyonal sou obsèvasyon elektoral yo ak lwa peyi Dayiti.