An Frans, biwo Prezidan François Hollande nan fè konnen pawòl kap di kòmkwa Lèzetazini te mete sou tab-dekout telefon 2 prezidan ki te vini anvan li yo, “se yon bagay innakseptab.” Misye Hollande ajoute Lafrans pap tolere anyen ki menase sekirite li.
Lidè fransè a fè parèt yon deklarasyon sou dosye a aprè li te fè yon rankont ak konsèy defans nasyonal li a pou yo te abòde dokiman magazin an-liyn Wikileaks pibliye e ki di Ajans Sekirite Nasyonal Lèzetazini an (NSA) te fè espyonaj sou 3 dènye prezidan fransè yo. Se konsa, gouvènman an nan Pari fè konnen minis afè etranjè-a, Laurent Fabius, konvoke nan biwo li anbasadris amerikèn nan, Jane Hartley, pou yo diskite sou kesyon an.
Nan Washington, pòtpawòl Ajans Sekirite Nasyonal la, Ned Price, deklare administrasyon Obama a pa mennen okenn aktivite espyonaj a letranje, amwens ke genyen yon rezon sekirite nasyonal presi e valab pou sa. Misye Price di : "Nap travay sere-sere ak Lafrans sou tout kesyon entènasyonal ki merite atansyon nou, e Fransè yo se patnè endispansab pou ede nou fè sa. "
Nan jounen madi 23 jen 2015 la, Wikileaks pibliye dokiman ki di Lèzetazini fè espyonaj sou 3 dènye prezidan fransè yo, kèk semèn sèlman aprè Prezidan Barack Obama te siyen yon lwa ki mete fen nan pouvwa gouvènman an te genyen pou l swiv konvèsasyon sitwayen ameriken yo sou telefòn ak sou entènèt la.