Re-Ouvèti Legliz Metodis Episkopal Emanuel nan Charleston, Kawolin di Sid.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Yon foul fidèl kenbe yon sèvis an pèmanans devan Legliz Metodis Episkopal Emanuel nan Charleston, Kawolin di Sid, depi atak ki te koze lanmò 9 moun nan legliz sa a mèkredi 17 jen pase a. (Foto: Amanda Scott/VOA -21 jen 2015).

Ozetazini, Legliz Metodis Episkopal Nwa “Emanuel” te relouvri pot-li dimanch 21 jen 2015 la nan vil Charleston, nan Eta Kawolin di Sid, 4 jou aprè yon atakan te touye 9 fidèl anba koutzam -pami yo te genyen pastè legliz la, Reveran Clementa Pinckney.

Legliz tou patou nan Charleston te sonnen an solidarite ak Legliz Metodis Episkopal la kote yon atakan an --yon blan ki rele Dylann Roof-- te antre mèkredi swa pandan yon etid biblik tap dewoule epi li pran tire sou fidèl yo. Nan sèvis dimanch la, plizyè santèn moun te reyini pou yo tande divès pastè ki te sòti nan lòt legliz pou yo pote yon mesaj rekonfò ak espwa pou kongregasyon lokal la ki toujou an dèy. Youn nan predikatè ki adrese foul la, se prezidan komite ansyen Legliz Charleston nan, Reveran Norvel Golf. Reveran Golf di -antwòt:

"Nou pral kontinye defann koz lajistis; nou pral kontinye rete vijilan; nou pral kontinye fè lidè eli nou yo egzijans pou yo gen sans responsablite e rann kont pou aksyon yo. San 9 moun ki mouri nan legliz ansyèn sa a mande pou n pa sispann travay.... jiskaske nou jwenn jistis non sèlman nan afè sa a, men tou jistis pou tout moun kap viv an maj sosyete a… sa yo ki pap viv nan menm ezans avèk nou… sila yo ki rete nan batay la jiskaske pa gen batay ankò pou yo livre. Poutèt sa, nap di yo mèsi."

Atak sou Legliz Metodis Episkopal Emanuel la se atak ki pi tèrib ki fèt sou yon legliz nwa nan pati sid Lèzetazini depi ane 1963 kote eksplozyon yon bonm nan yon legliz nan vil Birmingham, nan Eta Alabama, te touye 4 jèn fi nwa. Sa te vin ranfòse òganizasyon mouvman dwa sivik la ki te gen nan tèt li Reveran Pastè Baptis Martin Luther King, Jr.