Administrasyon Obama a fè konnen, nan jounen lendi 13 avril 2015 la, li gen gwo preokipasyon devan le fèt ke Larisi anonse li pral vann Iran kèk sistèm defans ayeryen sofistike ki rele S-300 aprè prezidan ris la, Valdimir Putin, fin pran desizyon pou l leve yon entèdiksyon ki te anpeche Moskou mete sistèm misil sòl-èr konsa a la dispozisyon Iran.
Vrèman vre, nan ane 2007, Moskou te siyen ak Teheran yon kontra pou Larisi vann Iran sistèm nan pou yon montan 800 milyon dola. Sepandan otorite ris yo te aksepte bloke antant la 3 zan apre, kòm aplikasyon yon rezolisyon Konsèy Sekirite l'ONU an ki te enpoze sanksyon sou do Iran. Daprè pòtpawòl La Mezon Blanch la, Josh Ernest, Larisi te byen konnen Washington pa dakò ak kalte tranzaksyon konsa. Misye Earnest di :
"Mwen panse mwen kapab deklare, san di pètèt, Larisi byen konprann Lèzetazini pran trè zoserye pwoteksyon ak sekirite alye li yo nan rejyon an."
Nan menm jounen lendi a, minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov, pale pou l defann desizyon Moskou a. Nan yon entèvyou li bay nan televizyon, li site kòm rezon negosyasyon ki te dewoule, sa pa gen lontan, ant Iran ak 6 puisans mondyal sou pwogram nikleyè iranyen an. Misye Lavrov deklare:
"Nou gen konviksyon, nan pwen nou rive la a, nesesite anbago a --espesyalman yon anbago volontè ke chak peyi aplike separeman- ebyen, nesesite sa a pa egzite ankò. Mwen vle ensiste pou m di sistèm defans anti-misil komplike sa a, se yon sistèm defansif sèlman; li pa la pou atake e li pa pral menase sekirite okenn rejyon --e m ensiste pou m di: sekirite Izrayèl."
Pòtpawòl Depatman Deta a, Mary Harf, ki pale lendi tou sou dosye-a, di si Lèzetazini panse tranzaksyon ant Larisi ak Iran an pa vyole sanksyon l'ONU sou Teheran yo, li kwè tou se pa le moman pou yon lavant konsa antre an aplikasyon, etan done tansyon ki egziste nan rejyon an.