Ayiti:Pwosesis Elektoral la ap Demare Lendi 16 Mas 2015 lan

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Kat Jewografik Ayiti

Konsèy Elektoral Pwovizwa a achemine kalandriye elektoral la bay pouvwa egzekitif la pou l pibliye e konvoke pèp la nan pwochen eleksyon yo. Konseye elektoral Yolette Mengual fè konnen enstitisyon an ap òganize 2 eleksyon an 3 etap (lejislatif, lokal ak prezidansyèl ) 9 out ak 25 oktòb e pwobableman 27 desanm si kandida ala prezidans lan pa eli depi nan premye tou a. Nan deklarasyon Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Pierre Louis Opont, te fè nan laprès, sa pa gen lontan, di yon nouvo prezidan ap enstale 7 fevriye 2016 apre palmantè yo finn prete sèman an janvye menm ane a.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti -vandredi 13 mas 2015

Yon lòt kote, sena ayisyen an akeyi yon delegasyon Aksyon Mondyal Palmantè jedi 12 mas 2015 la. Objektif vizit la, dapre palmantè dominiken Julio Cesar Valentin, se ankouraje tokay ayisyen yo ratifye konvansyon entènasyonal dwa moun vil Wòm, Italie. Prezidan sena a, Andris Riche, ki t ap pale ak jounalis yo apre rankont ak delegasyon an, eksprime espwa l pwochen lejislati a va panche l sou dosye a.

Anfen, Lekòl Nasyonal Administasyon Politik Piblik (ENAPP) nan tèt kole ak Biwo Premye Minis lan epi PARGEP òganize 35èm Jedi Gouvènans Piblik li sou tèm “ Les Chantiers de la Gouvernance Publique: Etat des lieux de 2005 à nos Jours." Aktivite sa a antre nan kad refòm k ap fèt nan administrasyon piblik la, daprè Kowòdonatè jeneral ENAPP la, Harold Monpoint Jeune.