Lèzetazini Gen yon Nouvo Minis Defans: Ashton Carter.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ashton Carter, nouvo minis defans Lèzetazini an, pandan li tap fè depozisyon li devan Komisyon Afè Militè Sena a.

Sena Lèzetazini an konfime nominasyon Ashton Carter, yon ansyen ofisyèl nan Pentagòn nan (kidonk Depatman Defans la), kòm nouvo minis defans ameriken. Youn nan senatè ki te pran lapawòl pou demontre kapasite Misye Carter genyen pou l okipe pòs la, se repibliken Eta Arizona, John McCain, ki di kandida a gen konpetans ki nesesè pou l merite konfimasyon Sena a kòm minis defans. Misye McCain deklare :

"Misye genyen eksperyans, konesans ak talan ki nesesè pou l reyisi. Se tout manm Komisyon Afè Militè a, san wete youn, ki te vote semèn pase a pou apwouve nominasyon li a e se ak yon gwo plezi pwen pral vote pou m konfime chwa li a jodi a."

Senatè demokrat ki gen plis otorite nan Komisyon Afè Militè a, Jack Reed (Senatè Eta Rhode Island), li menm tou, fè konpliman pou Misye Carter ki, daprè li, se « yon kandida ki gen yon konpetans san parèy pou l fè job la. » Anfen, tout sena a vote pou apwouve Ashton Carter kòm nouvo chèf Pentagòn nan kote lap ranplase Chuck Hagel ki te bay demisyon li sa gen kèk mwa.