3 jou aprè komisyon konsiltatif la te remèt rapò li bay Prezidan Martelly ak yon seri rekòmansyon sou yon solisyon pou kriz politik la, Chèf Deta a bay opinyon li nan yon mesaj ki pase nan radyo ak televizyon vandredi 12 desanm 2014 la. Pami rekòmandasyon sa yo, genyen -antwòt:
-Demisyon Premye Minis la, Laurent Lamothe ;
-Demisyon Prezidan CSPJ (Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a) ;
-Rankont Prezidan Martelly ak lidè 2 Chanm palman an sou chwa yon nouvo Premye Minis ;
-Adopsyon, vòt ak piblikasyon lwa elektoral la ;
-Oganizasyon Eta Jenewo Nasyon an pou deside sou avni peyi a.
Your browser doesn’t support HTML5
Mesaj Prezidan Michel Martely sou Rapò Komisyon Konsiltatif la / Vandredi 12 Desanm 2014
Yon ti tan apre prezidan an te prezante mesaj li sou rekòmandasyon komisyon an, Premye Minis Laurent Lamothe ta pral bay demisyon n.
(Atik sa a mache ak yon kopi « audio » mesaj Misye Martelly a).