Manifestasyon Opozisyon an Kont Pouvwa a Fini San Derapaj

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Premye Minis Laurent Lamothe

Ann Ayiti, seri manifestasyon Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD) ak Fanmi Lavalas ap fè pou mande demisyon Prezidan Michel Martelly ak premye minis Laurent Lamothe fini tou pre Palè Nasyonal san oken ensidan grav. Laprès rapòte fòs de lòd yo fè 2 arestasyon. Manifestasyon madi 25 novanm nan dewoule nan moman prezidan Martelly ap pare pou l mete yon mesaj devan pèp ayisyen an apre li mete fen nan seri konsiltasyon li t ap fè ak klas politik la e sosyete sivil la. Opozisyon an pwojte 2 lòt manifestasyon pou vandredi 28 ak samdi 29 novanm.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti -mèkredi 26 Novanm 2014

Yon lòt kote, Premye Minis Laurent Lamothe vizite madi 25 novanm "Institut Haïtien de Réhabilitation" nan Bon Repos nan direksyon nò kapital ayisyen an Pòtoprens pou pote solidarite gouvènman an bay direksyon lopital la k ap ede andikape yo.

Anfen, lapolis nan Ba Plato Santra la (Sant) arete 5 moun li sispèk ki ta patisipe nan yon atak ame kont yon enstitisyon relijye nan Boukan Kare yon vil nan rejyon an. Enstitisyon relijye a fèmen lekòl ak lòt pwogram li t ap dirije nan zòn nan epi manm yo retounen nan katye jeneral òganizasyon an nan kapital la.