Elèv Retounen Lekòl sou tout Tèritwa Nasyonal Peyi d Ayiti

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Ekolye ayisyen ki pral lekòl (Foto achiv)

Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, envite paran, pwofesè ak elèv yo travay ansanm pou ane eskolè 2014-2015 lan kapab yon siksè. Mesye Martelly, ki t ap pale nan okazyon ouvèti lekòl la, di gouvènman an gen plizyè pwogram pou ede paran ki gen difikilte ekonomik.

Your browser doesn’t support HTML5

Nouvèl Ayiti - Lendi 8 Septanm 2014

Sou plan politik, msye Martelly di li pa gen pwoblèm rankontre ak gwoup 6 senatè ki poze kondisyon avan yo amande lwa elektoral la. Chèf leta a mande senatè yo pran responsabilite yo pou rezoud kriz elektoral la.