Prezidan Barack Obama Kòmanse yon Virewon sou Kontinan Ewopeyen an

Prezidan Barack Obama ak Prezidan Polonè a Bronislaw Komorowski (adwat) ap bay lanmen nan moman Mesye Obama te rive nan ayewopò Chopin nan Vasovi. (Foto: 3 jwen 2014).

Prezidan Barack Obama rankontre lidè polonè a, Bronislaw Komorowski, nan Vasovi, premye etap yon toune ann l ap fè an Ewòp. Tèm prensipal diskisyon yo se sitiyasyon an nan peyi Ikrèn.

Lidè ameriken an pwopoze yon anvlòp 1 milya dola ki reprezante depans pou ranfòse antrènman militè ak deplasman twoup sou kontinan ewopeyen an, nan kad yon pwogram ki gen ladan n prezans plis bato degè nan Lanmè Nwa a ak Lanmè Baltik la.

Daprè yon deklarasyon ki sòti nan La Mezon Blanch byen bonè madi 3 jwen an, Lèzetazini ap pase an revi prezans militè li ann Ewòp akoz sa dokiman an konsidere kòm –nap site: “Nouvo seri defi ki poze pou sekirite sou kontinan an.” fen d sitasyon. Anons la parèt nan moman Prezidan Obama tap rankontre ak lidè polonè a, Bronislaw Komorowski, nan Vasovi.

Aprè Misye Obama te debake nan Vasovi, li abòde ak otorite yo apui ki nesesè pou l’OTAN ogmante prezans li ann Ewòp kòm yon reyaksyon aprè Larisi fin anekse Preskil Krime a. Prezidan Obama deklare:

“Map kòmanse vizit mwen an isit la, paske angajman nou vizavi sekirite Polòy e vizavi sekirite alye nou yo nan Ewòp Santral ak Ewòp de Lès, reprezante poto kwen pwòp sekirite pa nou, e se yon angajman ki sakre.”

Aprè Mesye Obama te fin fè deklarasyon sa a, li menm ak Prezidan Komorowski te rankontre ak dirijan divès peyi nan rejyon an; nan mesaj lidè ameriken an mete devan yo, li pwomèt yon ogmantasyon prezans militè Lèzetazini nan Ewòp Santral ak Ewòp de Lès. Prezidan Obama fè konnen:

“ Nou pral ogmante kantite manm pèsonèl ameriken ki nan lame de tè a ak fòs ayeryèn nan e se tout tan yo pral fè wotasyon nan peyi alye nou yo nan Ewòp Santral ak Ewòp de Lès… epi nou va ranfòse asosyasyon nou ak peyi zanmi tankou Ikrèn, Moldavi ak Jòji pandan yo menm, yap ogmante pwòp sistèm defans yo. Mwen lanse apèl bay Kongrè a pou l apwouve yon anvlòp 1 milya dola pou apiye efò sa a, ki reprezante yon demonstrasyon puisan angajman innebranlab Lèzetazini pran vizavi alye nou yo nan l’OTAN.”

Prezidan Obama antreprann vwayaj sa a ann Ewòp nan moman gouvènman Ikrenyen an ap goumen kont separatis ki an favè Larisi yo. Lidè ameriken an genyen pou l rankontre prezidan ikrenyen an, Petro Poroshenko, nan Vasovi anvan li kite Lapolòy mèkrèdi 4 jwen an.