Yon Referendum Dewoule Dimanch nan Pati Lès Ikrèn

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Manm komisyon elektoral lokal la tap mete lòd nan bilten yo dimanch anvan yo konte yo nan rejyon Luhansk, pati lès Ikrèn. (Foto: 11 me 2014).

Larisi fè konnen lap respekte referendum ki dewoule dimanch 11 me 2014 la nan pati lès Ikrèn pou popilasyon an deside si wi ou non rejyon an ap rete nan Ikrèn oubyen pral fè pati Larisi. Se konsa Moskou lanse apèl pou l mande aplikasyon rezilta vòt la atravè yon dyalòg ant gouvènman an nan Kyèv ak lidè separatis yo nan lès Ikrèn.

Minis afè etranjè ris la, Sergei Lavrov --ki abòde dosye a nan kòmasnman jounen lendi a-- deklare sèl fason pou yo bese tansyon an nan Ikrèn, se pou gouvènman an nan Kyèv ak separatis yo fè chita-tande. Chèf diplomasi ris la rejte lide kòmkwa yon rankont entènasyonal nesesè pou rezoud kriz la.

Bò kote pa l, prezidan pwovizwa ikrenyen an, Oleksander Turchinov, pa mete dlo nan bouch li pou l kritike referendum rebèl yo mete sou pye a; li konsidere vòt la kòm yon maskarad pwopagann ki pa gen okenn fòs legal. Pandan Misye Turchinov te pran lapawòl lendi devan palman ikrenyen an, li fè konnen : « Referendum sa a pa reprezante ni plis ni mwens pase yon pwopagann pou kouvri asasina, kidnapping, vyolans ak lòt kalite krim. »

Sepandan, prezidan an ajoute li dispoze kontinye dyaloge ak sila yo ki, nan pati lès peyi a, pa gen okenn san sou men yo e ki pare pou defann objektif yo yon fason lejitim. Youn nan sitwayen ikrenyen ki vote nan referendum nan, pale ak Lavwadlamerik pou l di li sòti al jete bilten li, paske li ta renmen wè lapè retabli nan peyi a.

“Mwen vote pou pwovens Donyèks tounen yon repiblik. Poukisa? Se paske mwen pa kontan ak gouvènman an nan Kyèv ; mwen pa kontan ak gouvènman santral la. Mwen swete pou mwen menm ak pitit mwen yo, nou kapab viv nan yon peyi ki gen lapè. Tout moun wè sa kap pase nan peyi isit ; tout moun wè ki imaj kap pase nan televizyon. »

Menm jan ak Prezidan Turchinov, Lèzetazini ak alye li yo sou kontinan ewopeyen an denonse referendum nan kòm yon aksyon ilegal. Nap raple Ikrèn pral òganize eleksyon prezidansyèl nan fen mwa me a -pi presizeman nan dat 25 2014 la.