Atak sou Prizon Kwa-dè- Boukè a. Bilan: Yon Manm APENA Mouri.

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

UN-Haiti

Enkoni ame lanse yon atak sou prizon Kwa-dè-Boukè a kote yo te tonbe nan yon echanj koutzam ak responsab sekirite lokal la. Ensidan sa a rive nan nuit lendi 17 pou leve madi 18 fevriye 2014 la. Bilan: Yon manm APENA (Administration Pénitenciaire Nationale) pèdi lavi li. Viktim nan se polisye Nicolas Sadrac.

Otorite lapolis yo di okenn prizonye pa sove. Nap fè sonje prizon Kwa-dè-Boukè a se yon penitansye a wot sekirite kote otorite yo fèmen prizonye gwo kalib, tankou Clifford Brandt.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj korespodan nou Rotchild François Jr., plis yon entèvyou Jean Pierre Leroy reyalize avèk pòtpawòl adjwen Polis Nasyonal d Ayiti a, Gary Desrosiers, ki pote presizyon sou ensidan an.