Dyalòg Politik Entè-Ayisyen : 2èm Ranvwa Siyati Akò Final la

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Ann Ayiti, jounen samdi 15 fevriye 2014 la rive nan bout li, e nouvèl yo di pati konsène yo ranvwaye yon fwa ankò siyati akò final sou dyalòg emyè-ayisyen an. Seremoni an te sipoze dewoule nan dat 14 fevriye a ; men patisipan yo te antann yo pou yo ajoute 24 trè sou delè a.

Alòs ke, depi okòmansman, kowalisyon politik MOPOD te anonse li te pran distans li ak dyalòg la, 2 jou anvan dat ki te fikse pou siyati akò final la, 3 pati politik (Fusion, Fanmi Lavalas ak Kontra Pèp) te deklare yo pa tap siyen dokiman final la, epi dirijan yo te kite negosyasyon yo. Yon lidè Fusion, ansyen Senatè Edmonde Supplice Beauzile, te di rezon ki eksplike retrè pati a, se antwòt, le fèt ke dokiman final la pa prevwa depa Premye Minis Laurent Lamothe, ni ranplasman manm Konsèy Elektoral la.

Bò kote pa l, Sauveur Pierre-Etienne, Sekretè Jeneral OPL (Oganizasyon Pèp kap Lite), te fè konprann okenn lidè nan pati pa l la pa tap poze siyati yo anba akò a si youn nan patisipan pi enpòtan nan dyalòg la, Sena ayisyen an, pa apiye dokiman an avèk siyati prezidan gran kò a, Dieuseul Simon Desra. E nouvèl yo fè konnen youn nan rezon ki eksplike 2èm ranvwa seremoni siyati a, se absans Misye Desra nan Otèl El Rancho kote li pat prezante nan jounen samdi 15 fevriye a, e lòt patisipan yo te rete tann li an ven. Kesyon ap poze pou mande kilè akò final la pral ofisyèl, sètadi kilè li pral genyen tout siyati ki nesesè yo, si prensipal medyatè a, ansyen Evèk vil Okay la, Chibly Langlois, gen pou l kite Ayiti anvan lontan pou l ale Vatikan kote Pap François pral prezide yon seremoni kap ofisyalize pwomosyon li menm avèk 18 lòt lidè relijye katolik nan plas kadinal.

Kèk moman sèlman anvan anons 2èm ranvwa seremoni siyati akò a, Sèvis Kreyòl VOA te pran kontak ak Lucien Jurat, pòtpawòl prezidans la nan Pòtoprens, ki te bay detay sou sa li konsidere kòm « konsesyon » ki fèt bò kote Pouvwa Ekzekitif la pou l montre li « dispoze fè sakrifis » pou pèmèt dyalòg la reyisi. Misye Jurat pale tou de objektif yon pwochen toune Prezidan Michel Martelly pral fè ann Ewòp.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon entèvyou Lucien Jurat bay Lyonel Desmarattes.