Bawo Lòd Avoka yo ap Kontinye yon Grèv nan Pòtoprens

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA

Madam Jistis

Ann Ayiti, bawo lòd avoka yo mentni modòd grèv li te lanse pou l ekzije revokasyon komisè gouvènman Pòtoprens la, Mèt Francisco René.

Ansyen batonye lòd la, Mèt Gervais Charles, di Lavwadlamerik anyen pa sòti nan yon rankont ministè lajistis te genyen, madi 26 novanm 2013 l a, avèk yon delegasyon 3 avoka bawo a te fòme.

Klike sou ”Koute” pou w tande opinyon Mèt Gervais Charles sou dosye a.