Otorite yo nan Repiblik Dominikèn voye tounen ann Ayiti plizyè santèn ayisyen ki tap travay nan batèy nan peyi vwazen an, aprè 2 dominiken te mouri ansasinen e responsab yo di se ayisyen ki komèt asasina sa a. Pi fò ayisyen ki depòte yo tap viv nan vilaj Petaca, nan peyi panyòl.
Marcel Ducass, yon ayisyen kap viv nan pwovens Neyiba, tou pre kote ensidan an te rive a nan Repiblik Dominikèn, fè konnen pami moun otorite dominiken yo depòte yo, genyen fanm ansent ak timoun piti.
Colette Lespinasse, youn nan responsab GARR (Groupe d’Appui aux Rapatriés et Réfugiés) kritike desizyon an paske, daprè sa li di, otorite panyòl yo pran li san yo pat gen koutwazi anonse otorite ayisyen yo sa davans. Li regrèt tou le fèt ke otorite ayisyen yo poko reyaji jiskaprezan sou sitiyasyon an, tandiske majorite imigran depòte yo pa gen moun pou ede yo apre yo fin rive ann Ayiti
Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj Jean-Pierre Leroy sou dosye sa a.