Somè Dèzamerik -Apèl Prezidan J. M. Santos pou Plis Solidarite sou Kontinan an

Prezidan Barack Obama ak Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos, nan Katajèn, Samdi 14 avril 2012 (Foto AP/Carolyn Kaster)

Pami aktivite ki dewoule nan premye jounen Somè Dèzamerik la nan Katajèn samdi 14 avrl 2012 la, te genyen, antwòt, sa òganizatè yo rele <<yon konvèsasyon ant 3 chèf deta>> kote Prezidan Juan Manuel Santos (Kolonbi), Dilma Youssef (Brezil) ak Barack Obama (Etazini) te abòde, chak nan fason pa li, kèk nan gwo defi ki poze sou kontinan ameriken an. Prezidan Obama di –nap site :

<<Pafwa yo mande m kisa ki ka mache? Kisa ki ka bay bon rezilta? Ki fason ki pi bon pou n panse, an tèm pratik, sou pwosperite an jeneral, sou kapasite moun pou yo fè konpetisyon sou yon mache mondyal ki konplike. Yo mande m kijan pou n tabli yon eta-de-dwa ki kapab pèmèt antrepriz yo fè envestisman avèk yon sekirite ki baze sou lalwa e ki gen transparans.
<<Yo mande m kijan pou n envesti nan lasyans ak teknoloji, kijan nou kapab gen garanti pral genyen yon komès lib e ouvè, an menm tan ke nap asire nou benefis nap tire nan komès lib la, se benefis nou distribye ni ant diferan peyi nou yo, ni anndann peyi ki pwodui benefis sa yo…. >>

Prezidan Obama di li jwenn repons tout kesyon sa yo nan prensip ki reji fonksyonnman vi politik la nan peyi manm OEA ki prezan nan somè a: sètadi atachman yo ak prensip demokratik yo ki se baz pwogrè li konstate nan kèk peyi li te ofri patisipan yo kòm egzanp pou yo swiv pou yo rive jwenn pwosperite e pèmèt kouch defavorize yo lakay yo jwenn yon ale mye. Peyi li bay kòm egzanp yo se Brezil ak Kolonbi.

An palan de Kolonbi, nap di, nan seyans inogiral somè a -ki dewoule kèk èdtan apre sesyon ki te mete Prezidan Obama fas ak 2 lidè --Dilma Youssef (Brezil), avèk Juan Manuel Santos, (Kolonbi)-- Misye Santos fè yon diskou kote li pase an revi reyalizasyon Amerik yo depi sistèm entè-ameriken an egziste, e kisa yo ka akonpli an plis nan solidarite ak <<yon politik bon vwazinaj>> ki repoze sou aksyon e non pa sou diskou diplomatik ak pawòl koutwazi. Prezidan kolonbyen an deklare – nap site:

<<Fòk nou pran konsyans ke li egziste yon gwo entè-depandans ekonomik nan rejyon nou an, entèdepandans ki reprezante yon trè bon baz pou n konstrui lavni. Deja nou se patnè nan domèn komèsyal la; epi nou se partnè nan domèn envestisman an. Nan somè sa a, nou kapab deklare tou nou se patnè nan efò pou n konstrui pwosperite demokratik avèk byennèt.
<<Real politik mande pou n baze e konsantre kalkil nou yo sou enterè Leta. Se petèt yon politik ki efikas -mwen admèt sa. Men tou, nou fèt pou n toujou pran an konsiderasyon le fèt ke travay Leta dwe repoze sou prensip pou l kapab yon travay dirab. Se poutèt sa, nan mond kote nap viv jounen jodi a, nou bezwen inyon epi nou fèt pou aksepte nosyon ki vle ke, pou nou efikas, nou youn bezwen lòt…. >>

Prezidan Santos te kontinye preche solidarite rejyonal kòm baz yon travay ki efikas nan efò dirijan peyi nan Amerik yo (sitou peyi ki sou wout devlopman sou kontinan an) ap deplwaye pou yo reyalize pwogrè, pou pèp yo kapab genyen plis byennèt ak plis posiblite pou yo rive sòti anba kòd sou-devlopman.

Nan fen jounen samdi 14 avril la, premye jou ofisyèl somè a, Prezidan kolonbyen an ap ofri yon dine donè pou chèf deta ak chèf gouvènman ki nan tèt delegasyon yo, tandiske Premyè Dam kolonbyèn nan, Maria Clemencia Rodriguez de Santos, ap ofri yon dine donè pou madanm presidan ak premye minis kap asiste somè a.

J. Lyonel Desmarattes
Anvwaye Espesyal VOANouvèl
Katajèn, Kolonbi
14 avril 2012