Kou Deta nan Ginen Bisao

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Sòlda nan Ginen Bisao lanse yon tantativ kou deta, kote yo pran wout, estasyon radyo ak televizyon, ak biwo gouvènman nan kapital peyi a.

Rebelyon an tanmen yè swa, nan nuit avan kanpay kòmanse pou 2èm tou eleksyon prezidansyèl a.

Sòlda yo atake kay Prezidan pwovizwa a Raimundo Pereira ak ansyen Premye-minis Carlos Gomes Jr.

Gomes se kandida k ap mennen nan kous pou prezidan an, men moun konnen ke lame a pa renmen l. Peyi a pa konnen ki kote 2 mesye sa yo ye kounye a.