Sezon Siklonik Ane sa a ap Mwen Aktif Ke Nòmal

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Isit Ozetazini, espesyalis meteo yo anonse sezon siklonik 2012 la pou rejyon atlantik la pral gen mwens aktivite ke nòmal; men moun k ap viv sou kòt yo dwe pran menm prekosyon yo abitye pran nan nenpòt epòk siklòn.

Mèkredi 4 avril 2012 la, espesyalis nan Inivèsite Eta Colorado predi 10 tanpèt twopikal pral fòme nan zòn Oseyan Atlantik la pandan sezon siklonik ane sa a k ap kòmanse premye jen pou l fini 30 novanm.

Sou 10 tanpèt twopikal yo, yon afè de 4 kapab pran fòs pou yo tounen siklòn. Dapre previzyon sa a toujou, genyen 42 pousan chans pou gen yon gwo siklòn ki ka pote anpil lapli sou kòt Lèzetazini ane sa a, tandiske mwayèn istorik la se 52 pousan.