Yon jou apre enspektè entènasyonal kòmanse detrui lasnal chimik peyi Siri a, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè konpliman pou gouvènman siryen an deske li respekte si rapidman rezolisyon Konsèy Sekirite l’ONU an te pran sou kesyon an.
Pandan chèf diplomasi Lèzetazini an tap reyaji sou dosye a nan kòmansman jounen lendi 7 ktòb 2013 la, li fè konnen le fèt ke premye zam yo elimine yon semèn sèlman aprè Konsèy Sekirite a te adopte rezolisyon an, se yon aksyon ekstrèmman enpòtan e sa merite konpliman.
Misye Kerry deklare : "Jounen jodi a mwen pa pral kouri garanti sa pral pase byen yon mwa pi ta ; men se yon bon kòmansman. E nou fèt pou n apresye yon bon kòmansman."
Misye Kerry pale konsa pandan li nan peyi Endonezi kote li rankontre ak kòlèg ris li a, Sergei Lavrov, ki deklare, bò kote pa l, Larisi –ki se yon gwo alye peyi Siri- pral fè tout sa l kapab pou l garanti gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la kontinye kowopere ak enspektè entènasyonal yo.
Sekretè Deta Kerry kontinye pou l di li menm ak misye Lavrov dakò pou yo rankontre ak anvwaye espesyal l’ONU ak Lig Arab la nan Siri, Lakdhar Brahimi, pou yo ensiste sou nesesite pou yo chwazi yon dat fiks nan mwa Novanm nan pou yon konferans lapè entènasyonal dewoule sou kriz la nan Siri.