Fiziyad Toupre Lokal Kongrè a

  • Ekip Sèvis Kreyòl VOA
Otorite nan Washington DC fè konnen lapolis tire ak bal yon dam ki te chache travèse ak oto li yon barikad toupre Mezon Blanch anvan li te akselere pandan lapolis t ap rapousuiv li jouk li rive nan ri ki toupre Capitol la, an palan de bilding Kongrè Etazini an.

Lapolis Capitol la fè konnen dam nan t al fè kolizyon ak yon machin lapolis, kote li blese yon polisye, e yon elikoptè medikal te pran polisye a pou mennen l lopital.

Responsab Capitol la te fèmen l pou yon ti bout tan pou kontwole sityasyon an. Men pa t gen menas kont palmantè yo ki te andan bilding nan.

Chèf polis Capitol la, Kim Dene, ki t-ap pale ak repòtè pale pou di sanble se yon ensidan izole e ke sa pa gen rapò ak aktivite teworis.

Li di : ‘’Sèvis sekrè ann inifòm te eseye rete oto a. Kèk kout zam te pati. Yo te rapousuiv oto a. Oto a t al frape ak youn nan machin nou yo isit la nan kalfou Ru 1 ak Avenue Constitution e li te abouti nan Ru 2 ak Avenue Maryland North East kote li t al frape nan youn nan barikad nou yo’’. Nou bloke tou le 2 lye aksidan yo.’’

Otorite a refize konfime nouvèl ki fè konnen dam nan pèdi lavi l nan tire a, men li fè konnen polisye yo kwè te gen yon timoun ak li nan oto a.